Jòb 27
Chak bwat se yon mo jan yo te ekri l okòmansman (grèk oswa ebre). Li montre kijan pou pwononse l ak sa li vle di an angle. Tape yon mo pou aprann plis.
Jòb pran lapawòl ankò pou l' bay rès repons li a. Li di konsa: -Mwen fè sèman, mwen pran Bondye vivan an pou temwen, Bondye ki gen tout pouvwa a, li menm ki refize rann mwen jistis la, li menm ki ban m' degoutans ak lavi a, toutotan mwen poko mouri, toutotan Bondye ban m' yon ti souf toujou, mwen p'ap janm kite ankenn move pawòl soti nan bouch mwen, ni m' p'ap janm bay ankenn manti. Pa janm konprann m'ap ban nou rezon! M'ap kenbe ak nou mwen inonsan jouk mwen rann dènye souf mwen. Mwen soti pou m' defann kòz mwen. Mwen p'ap fè bak. Konsyans mwen pa repwoche m' anyen. M' pa gen anyen ki pou fè m' wont. Se pou tout moun ki pa vle wè m' yo sibi menm sò ak mechan yo. Se pou lènmi m' yo gen menm sò ak moun ki pa mache dwat yo. Ki espwa ki gen pou mechan an lè Bondye rele l', lè li pral pran nanm li? Lè malè ap tonbe sou mechan an, èske Bondye ap tande rèl li yo? Li pa t' janm pran plezi l' nan fè volonte Bondye. Li pa t' lapriyè Bondye tout tan. Kite m' moutre nou jan Bondye konnen sa l'ap fè. Mwen p'ap kache di nou sa ki nan tèt Bondye ki gen tout pouvwa a. Sa m'ap di la a? Nou wè tou sa ak je nou byen pwòp tou. Poukisa atò tout pale anpil sa a ki pa vle di anyen? Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl. Epi li di: -Men kisa Bondye pare pou mechan yo. Men sa li sere pou chèf k'ap peze pèp la. Yo te mèt gen anpil pitit gason, yo tout ap mouri nan lagè. Pitit yo p'ap janm gen kont manje pou yo manje. Sa ki chape nan lagè, move maladi ap pote yo ale. Ata vèv yo p'ap ka rele pou yo jou lanmò yo. Mechan an te mèt anpile lajan kou l' pa konnen, li te mèt gen rad depase sa l' bezwen, se moun dwat yo ki va mete rad yo, se pou moun inonsan yo lajan an va rete. Kay li bati tankou twal anasi, tankou yon ti kay jaden. Nan aswè, li moute kabann li rich. Lè li leve, li pa jwenn anyen. Malè tonbe sou li tankou lavalas k'ap desann. Yon sèl nwit lan, yon gwo van pote l' ale. Yon van lès leve, li pote l' ale. Li rache l' nan kay kote l' ye a. Van an ap vante sou li san pitye. Li menm l'ap fè sa li kapab pou l' chape anba l'. Moun kontan wè jan li fini. Kote l' pase, y'ap rele chalbari dèyè l'.
Done grèk ak ebre: STEPBible.org (Tyndale House Cambridge), CC BY 4.0. Brown-Driver-Briggs soti nan Open Scriptures Hebrew Bible, CC BY 4.0. Tout sous ak lisans yo
Tape yon nimewo vèsè pou referans kwaze yo. Tape yon mo ki souliye pou w wè mo ebre oswa grèk orijinal la.