Sòm 113
Chak bwat se yon mo jan yo te ekri l okòmansman (grèk oswa ebre). Li montre kijan pou pwononse l ak sa li vle di an angle. Tape yon mo pou aprann plis.
Lwanj pou Seyè a! Nou menm k'ap sèvi Seyè a, fè lwanj li! Se pou nou nonmen non l' depi koulye a epi pou tout tan tout tan. Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Seyè a! Seyè a dominen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la. Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt. Li bese je l' pou l' wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a. Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè. Li fè l' chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a. Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a!
Done grèk ak ebre: STEPBible.org (Tyndale House Cambridge), CC BY 4.0. Brown-Driver-Briggs soti nan Open Scriptures Hebrew Bible, CC BY 4.0. Tout sous ak lisans yo
Tape yon nimewo vèsè pou referans kwaze yo. Tape yon mo ki souliye pou w wè mo ebre oswa grèk orijinal la.