Jòb 18
Chak bwat se yon mo jan yo te ekri l okòmansman (grèk oswa ebre). Li montre kijan pou pwononse l ak sa li vle di an angle. Tape yon mo pou aprann plis.
Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa: -Jòb monchè, ou pa ka pe bouch ou yon ti kadè? Si ou te fè yon ti sispann, nou ta pale avè ou! Poukisa ou pran nou pou moun san konprann? Poukisa ou pran nou pou zannimo? Si ou ankòlè, se pwòp tèt ou ase w'ap fè mal. Atò, poutèt ou, se pou tout moun sou latè te mouri? Se pou Bondye te deplase mòn yo pou fè ou plezi? Wi, y'ap touye limyè mechan an, flanm dife l' la p'ap klere ankò. Lanp lakay li ap mouri, limyè lakay li ap tenyen. Li te konn mache byen enganm, koulye a se ti pa ti pa, l'ap bite. Se plan li t'ap fè yo ki lakòz sa rive l'. Li pile yon pèlen, pye l' pran ladan l'. Kòd la mare nan je pye l', l'ap sere l' byen sere. Yo kache yon chita tann pou li anba tè. Yo moute yon pèlen sou wout li. Kote l' vire, malè ap tann li. Kote l' pase, yo la dèyè l'. Grangou nan kò l' fini ak kouraj li. Malè kanpe la bò kote l' ap tann li. Yon sèl maladi po pete sou tout kò l'. L'ap manje tout janm li ak tout bra li yo. Se tè ki pou geri l'. Yo rale l' mete deyò anba tant kote li te al kache a. Yo trennen l' devan jeneral Lanmò. Koulye a, nenpòt moun gen dwa pran kay li a pou yo. Y'ap dezenfèkte l' nèt ak souf. Anba tè, rasin li yo ap mouri. Anwo tè, branch li yo ap fennen. p'ap gen pesonn k'ap chonje l' ankò sou latè. Y'ap bliye l' nèt nan tout peyi a. Y'ap pouse l' soti nan limyè ale nan fènwa. Y'ap depòte l' byen lwen nan peyi san chapo. Li p'ap kite ni pitit, ni ankenn lòt fanmi nan mitan pèp la. Yo tout ap mouri anvan l'. Depi solèy leve jouk solèy kouche, tout moun pral sezi wè jan li fini. Wi, men sa k'ap tann lakou moun k'ap fè mechanste yo, fanmi moun ki pa respekte Bondye yo.
Done grèk ak ebre: STEPBible.org (Tyndale House Cambridge), CC BY 4.0. Brown-Driver-Briggs soti nan Open Scriptures Hebrew Bible, CC BY 4.0. Tout sous ak lisans yo
Tape yon nimewo vèsè pou referans kwaze yo. Tape yon mo ki souliye pou w wè mo ebre oswa grèk orijinal la.

