Jeremi 45
Chak bwat se yon mo jan yo te ekri l okòmansman (grèk oswa ebre). Li montre kijan pou pwononse l ak sa li vle di an angle. Tape yon mo pou aprann plis.
Yon lè, antan Bawouk, pitit Nerija a, t'ap kouche sou papye mesaj pwofèt Jeremi t'ap repete pou li yo, Jeremi ba li yon mesaj pou li menm menm. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas, te sou katriyèm lanne depi li te wa nan peyi Jida. Jeremi di Bawouk konsa: -Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, bay yon mesaj sou ou, Bawouk. Ou te di: Ala devenn pou mwen! Seyè a mete lafliksyon sou traka m' te genyen deja. Mwen bouke plenn, mwen pa jwenn yon ti soulajman menm! Enben, men mesaj Seyè a ban mwen pou ou: Se mwen menm Seyè k'ap demoli tou sa mwen te bati. m'ap derasinen tou sa mwen te plante. M'ap fè sa toupatou sou latè! Epi ou menm, w'ap mande pou yo fè pa ou, w'ap mande yon soulajman pou tèt ou ase? Pa mande anyen. M'ap voye malè a sou tout moun sou latè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Men ou menm, ou mèt ale kote ou vle, ou p'ap mouri, w'ap sove lavi ou!
Done grèk ak ebre: STEPBible.org (Tyndale House Cambridge), CC BY 4.0. Brown-Driver-Briggs soti nan Open Scriptures Hebrew Bible, CC BY 4.0. Tout sous ak lisans yo
Tape yon nimewo vèsè pou referans kwaze yo. Tape yon mo ki souliye pou w wè mo ebre oswa grèk orijinal la.

