Sòm 130
Chak bwat se yon mo jan yo te ekri l okòmansman (grèk oswa ebre). Li montre kijan pou pwononse l ak sa li vle di an angle. Tape yon mo pou aprann plis.
Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou. Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou. Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou? Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou. Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di. N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve! Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre. Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.
Done grèk ak ebre: STEPBible.org (Tyndale House Cambridge), CC BY 4.0. Brown-Driver-Briggs soti nan Open Scriptures Hebrew Bible, CC BY 4.0. Tout sous ak lisans yo
Tape yon nimewo vèsè pou referans kwaze yo. Tape yon mo ki souliye pou w wè mo ebre oswa grèk orijinal la.

