Jòb 35
Chak bwat se yon mo jan yo te ekri l okòmansman (grèk oswa ebre). Li montre kijan pou pwononse l ak sa li vle di an angle. Tape yon mo pou aprann plis.
Eliyou pran lapawòl ankò, li di: -Pa konprann ou gen rezon lè w'ap di ou inonsan devan Bondye, lè w'ap di Bondye: Ki mele ou sa? M' te mèt peche, sa pa fè ou anyen. Enben. Mwen pral reponn ou, ni ou ni zanmi ou yo. Gade syèl la! Ou wè jan nwaj yo wo anwo tèt ou! Si ou fè peche, sa pa fè Bondye anyen! Ou te mèt fè peche sou peche, sa pa di l' anyen? Si ou mache dwat, ki avantaj Bondye jwenn nan sa? Kisa ou ba li la a? Se moun parèy ou ki soufri lè ou fè sa ki mal. Se yo ki pwofite tou lè ou fè sa ki dwat. Lè moun ap sibi anba ponyèt lòt moun, yo plenyen. Lè se chèf k'ap peze yo, yo rele. Men, yo pa vire kote Bondye ki kreye yo a. Yo te mèt nan nenpòt gwo lapenn, se li menm k'ap ba yo kouraj. Yo pa vire kote Bondye ki ba yo plis lespri pase bèt nan bwa, plis bon konprann pase zwezo nan syèl la. Yo rele kont rele yo, Bondye pa reponn yo, paske mechan yo gen lògèy. Se pou gremesi y'ap plede rele konsa. Bondye pa tande, li pa wè. Jòb monchè, ou di ou pa ka wè Bondye. Men, ou mete ka ou devan li. Ou di ankò: Bondye pa nan pini. Mwen te mèt peche, sa pa di l' anyen. Jòb monchè, w'ap louvri bouch ou pou ou pa di anyen. W'ap fè tout pale anpil sa a paske ou pa konn sa w'ap di.
Done grèk ak ebre: STEPBible.org (Tyndale House Cambridge), CC BY 4.0. Brown-Driver-Briggs soti nan Open Scriptures Hebrew Bible, CC BY 4.0. Tout sous ak lisans yo
Tape yon nimewo vèsè pou referans kwaze yo. Tape yon mo ki souliye pou w wè mo ebre oswa grèk orijinal la.

