Zakari 5
Chak bwat se yon mo jan yo te ekri l okòmansman (grèk oswa ebre). Li montre kijan pou pwononse l ak sa li vle di an angle. Tape yon mo pou aprann plis.
Mwen wè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m' gade. Mwen wè yon liv an fòm yon woulo papye k'ap vole nan syèl la. Zanj ki t'ap pale avè m' lan di m': -Kisa ou wè? Mwen reponn li: -Mwen wè yon liv an fòm yon woulo k'ap vole nan syèl la. Li gen trant pye longè ak kenz pye lajè. Epi li di m': -Se madichon ki pral tonbe sou tout latè. Dapre sa ki ekri sou yon bò liv la, yo pral fè tout vòlò disparèt nan peyi a. Dapre sa ki ekri sou lòt bò a, moun k'ap fè sèman pou bay manti pral disparèt nan peyi a tou. Seyè ki gen tout pouvwa a di konsa se li menm menm ki voye madichon sa a pou li antre nan kay tout moun k'ap vòlò, ak nan kay tout moun k'ap pran non m' fè sèman pou bay manti. L'a rete nan kay moun sa yo. Tankou dife, l'ap boule tout bwa ak tout wòch kay yo. Zanj ki t'ap pale avè m' lan parèt ankò, li di m' konsa: -Leve je ou. Gade sa k'ap vin koulye a. Mwen mande l': -Kisa l' ye? Li reponn mwen: -Se yon panyen. Se peche moun yo ap fè nan tout peyi a ki ladan l'. Panyen an te gen yon kouvèti plon. Kouvèti a leve. Mwen wè yon gwo fanm chita anndan panyen an. Zanj lan di m' konsa: -Fanm sa a, se mechanste ki non l'! Lèfini, li peze l' antre nan panyen an epi li mete kouvèti plon an sou li. Apre sa mwen leve je m' gade, mwen wè de fanm. Yo te gen gwo zèl tankou sigòy. Yo t'ap vole nan syèl la vini. Yo pran panyen an, yo moute avè l'. Mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Kote yo prale ak panyen an la a? Li reponn mwen: -Yo pral bati yon tanp pou li nan peyi Babilòn. Y'ap fè yon pye pou li. Lèfini, y'ap mete l' la pou moun adore l'.
Done grèk ak ebre: STEPBible.org (Tyndale House Cambridge), CC BY 4.0. Brown-Driver-Briggs soti nan Open Scriptures Hebrew Bible, CC BY 4.0. Tout sous ak lisans yo
Tape yon nimewo vèsè pou referans kwaze yo. Tape yon mo ki souliye pou w wè mo ebre oswa grèk orijinal la.

