Sòm 149
Chak bwat se yon mo jan yo te ekri l okòmansman (grèk oswa ebre). Li montre kijan pou pwononse l ak sa li vle di an angle. Tape yon mo pou aprann plis.
Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini! Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo. Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li! Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo. Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la. Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo, pou tire revanj sou nasyon yo, pou pini pèp yo, pou yo mete wa yo nan chenn, pou mete grannèg yo nan sèp an fè, pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye. Lwanj pou Seyè a!
Done grèk ak ebre: STEPBible.org (Tyndale House Cambridge), CC BY 4.0. Brown-Driver-Briggs soti nan Open Scriptures Hebrew Bible, CC BY 4.0. Tout sous ak lisans yo
Tape yon nimewo vèsè pou referans kwaze yo. Tape yon mo ki souliye pou w wè mo ebre oswa grèk orijinal la.

