Jòb 23
Chak bwat se yon mo jan yo te ekri l okòmansman (grèk oswa ebre). Li montre kijan pou pwononse l ak sa li vle di an angle. Tape yon mo pou aprann plis.
Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa: -Fwa sa a ankò, m'ap kenbe tèt ak Bondye, m'ap plenyen nan pye l'. Se plenn m'ap plenn pou sa m'ap pase anba men l'. Si m' te ka konnen kote pou m' jwenn li, mwen ta rive kote l' ye a. M' ta defann kòz mwen devan li. M' ta di l' dènye sa ki nan lide m' pou defann tèt mwen. M' ta konnen jan l'ap reponn mwen, m' ta tande sa l'ap di m'. Eske Bondye tapral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m'? Non. Li ta rete koute m' ase. Li ta wè moun k'ap pale avè l' la se yon moun ki toujou mache dwat. Li menm k'ap jije m' lan, li ta rekonèt mwen inonsan. M' ale bò solèy leve, Bondye pa la. M' ale bò solèy kouche, mwen pa wè l' tou. Mwen moute nan nò al chache l', m' pa wè l'. Mwen desann nan sid, bichi! Men, Bondye konnen tout ti vire tounen mwen. Si li sonde m', l'a wè m' bon tankou bon lò ki pase nan dife. M' mache pye pou pye dèyè l'. M' swiv chemen li mete devan m' lan. M' pa janm devire ni adwat ni agoch. Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l', mwen pa fè sa m' te gen nan tèt mwen. Men, lè Bondye fin deside yon bagay, ki moun ki ka fè l' chanje lide? Ki moun ki ka enpoze l' fè sa li vle fè a? L'ap toujou fè m' sa li vle fè m' lan. Sa se yonn nan tout bagay li deside fè yo. Se poutèt sa, m'ap tranble devan l'. Lè m' chonje sa, mwen soti pè l'. Men wi, se Bondye k'ap kraze kouraj mwen. Se Bondye menm mwen soti pè. Se pa fènwa a. Fènwa a kache Bondye pou m' pa wè l'. L' enpoze m' santi prezans li. Se tout!
Done grèk ak ebre: STEPBible.org (Tyndale House Cambridge), CC BY 4.0. Brown-Driver-Briggs soti nan Open Scriptures Hebrew Bible, CC BY 4.0. Tout sous ak lisans yo
Tape yon nimewo vèsè pou referans kwaze yo. Tape yon mo ki souliye pou w wè mo ebre oswa grèk orijinal la.

