2 Istwa 22
Chak bwat se yon mo jan yo te ekri l okòmansman (grèk oswa ebre). Li montre kijan pou pwononse l ak sa li vle di an angle. Tape yon mo pou aprann plis.
Yon bann arab te anvayi kan lame a, yo te touye tout gran pitit gason Joram yo. Sèl Okozyas, dènye pitit gason l' lan, te rete. Se konsa pèp Jerizalèm lan fè Okozyas wa nan plas papa l'. Okozyas te gen venndezan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan yon sèl lanne. Manman l' te rele Atali, pitit fi Akab, pitit pitit fi Omri. Okozyas tou te mache pye pou pye dèyè moun fanmi Akab yo, paske manman l' t'ap ba li move konsèy. Li fè sa ki mal nan je Seyè a paske, apre lanmò papa l', se lòt moun fanmi Akab yo ki vin sèvi tankou konseye wa a. Se sa ki pèdi l' nèt. Li koute konsèy yo, li mete tèt ansanm ak Joram, pitit pitit Akab, wa peyi Izrayèl la, pou al atake Azayèl, wa peyi Siri a. Lame yo kontre yonn ak lòt lavil Ramòt nan peyi Galarad. Moun Siri yo blese Joram. Joram tounen lavil Jizreyèl pou l' te refè anba blese li te pran nan batay li t'ap mennen kont Azayèl, wa peyi Siri a, lavil Ramòt. Lè sa a, Okozyas moute lavil Jizreyèl pou l' vizite Joram, pitit pitit Akab, paske Joram te malad. Se Bondye ki te fè Okozyas al rann Joram vizit sa a pou l' te ka kraze l'. Rive Okozyas rive, li pati ansanm ak Joram al kontre Jeou, pitit gason Nimchi a, yon moun Bondye te chwazi pou disparèt tout fanmi Akab la. Se konsa, pandan Jeou t'ap regle ak fanmi Akab la, li kontre kèk chèf peyi Jida ak ti fanmi wa Okozyas yo ki t'ap sèvi nan lame Okozyas la. Li touye tout. Apre sa, li mande pou yo chache Okozyas ki te kache nan peyi Samari a. Yo jwenn li, yo mennen l' bay Jeou ki fè yo touye l'. Apre sa, yo antere kadav li, paske yo t'ap di se pitit pitit Jozafa ki te fè sa l' kapab pou l' sèvi Seyè a. Se konsa pa t' rete pesonn nan fanmi Okozyas la ki te ka pran pouvwa a pou gouvènen. Lè Atali, manman Okozyas, vin konnen yo te touye pitit li a, li bay lòd pou yo touye tout rès fanmi wa peyi Jida yo. Men, lè yo t'ap touye pitit wa yo, Jozabèt, pitit fi wa Joram lan, pran Joas, pitit gason Okozyas la, li sere l'. Li kache l' ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la nan yon chanm kote moun dòmi nan Tanp lan. Se konsa, Jozabèt, pitit fi wa Joram lan, sè menm papa ak Okozyas, epi ki te madanm Jeojada, prèt la, te sere Joas san Atali pa konn sa, kifè li pa t' mouri tou. Pandan sizan Joas te rete kache nan Tanp lan ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la. Atali menm t'ap gouvènen peyi a.
Done grèk ak ebre: STEPBible.org (Tyndale House Cambridge), CC BY 4.0. Brown-Driver-Briggs soti nan Open Scriptures Hebrew Bible, CC BY 4.0. Tout sous ak lisans yo
Tape yon nimewo vèsè pou referans kwaze yo. Tape yon mo ki souliye pou w wè mo ebre oswa grèk orijinal la.

