Sòm 133

Bib La (1985)

Sòm 133

Bib La an kreyòl ayisyen (1985). Domèn piblik. Tèks: eBible.org.

Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm! Se tankou yon lwil santi bon yo vide sou tèt Arawon, k'ap koule sou bab li desann nan kou rad li. Se tankou lawouze ki soti sou mòn Emon, k'ap desann sou mòn Siyon yo. Se la Seyè a pwomèt pou l' bay benediksyon l', lavi ki p'ap janm fini an.

Tape yon nimewo vèsè pou referans kwaze yo.